Dlo ki bay lavi a

 

Jezi repon li: Si ou te konnen sa BonDye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwe a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwe. Le sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a. (Jan 4, 10)
 
Jezi di anko:
Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yap we gro kouran dlo kap bay lavi koule soti nan ke yo, jan sa ekri nan Liv la.
(Jan 7, 38)

"Dlo ki bay la vi a",  se yon espas koté nou va jwen provizyon pou nanm nou; provizyon ki kapab fè nou grandi nan la vi ki pap janm fini a.

Ké BonDye beni nou

Pawol BonDye a se riches. Li pi presye pase lo. Se ladan nou ka'p jwen sa BonDye vle pou nou konnen, pou'n ka'p viv byen sou te a. Li proteje nou, li moutre nou koman nou dwe renmen BonDye epi obeyi Li; koman nou ka renmen lot moun yo tou, jan BonDye vle'l la.
 
 Pou nou li Bib la,
Kliké sou:
 
Pou fè tou sa ki byen
"Lalwa ou ban mwen an gen plis vale pou mwen pase tout riches ki sou la te."
 (Som 119, 72)
 "Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri BonDye a yo soti. Y'ap sevi pou montre moun verite a, pou konbat moun ki nan lere, pou korije moun k'ap fe fot, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan BonDye.
Konsa, yon moun k'ap sevi BonDye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fe tou sa ki byen."  (2Timote 3, 16 - 17)
Se bon bagay le nou grangou pou BonDye, le nou toujou swaf Prezans Li.
Le saa, nou jwen nan Li yon BonDye ki fidel, Ki toujou agi le nou nan bezwen.

Se yon sekirite pou nou, le nou sonje ke BonDye toujou tande le pitit Li yo kriye.
Mesi Senye!

Allo zanmi yo, mwen salye nou nan non Senye ya. 
Sa se yon bon bagay pou nou, le nou songe ke nou kapab konte sou yon moun ki che pou nou, le nou nan bezwen. Men, yon moun menm le li renmenw anpil, li pa kapab disponib tou tan. Paske nou pa gen kontrol sou la vi nou ak fos pa nou tou tan. Men genyen yon moun nou kapab konte sou Li, tou tan. Non Li se Jezi. Li toujou disponib le wou relel. Se pou rezon sa menm nou bezwen Jezi.  Mwen bezwen Jezi, ou bezewen  Jezi, nou tout bezwen Li. Siw pat janm konnin Li, konnye ya se moman paw. Eseye Jezi, bali la viw, ou pap regret sa.  Ke BonDye beniw.